
Aprann li nan ki lang
Koze sa a ap esplike rezon ki fè granmoun ki pa konn li merite aprann li nan lang pa yo pase pou yo aprann li nan lang peyi etranje kote yo vin rete a. Gen savan ki kwé se yon sél fwa yon timoun aprann li nan vil. Genlè sa vre pou granmoun tou. Yon moun aprann li yon sèl fwa nan vi l. Lè yon moun aprann li, li devlope mekanik lekti a nan tèt li. Apre sa, lè moun nan ap aprann yon lot lang, l annik sèvi ak mekanik lekti ki nan tét li deja a, pou li vin konn li lòt lang sa a byen vit. Konsa, moun nan aprann li yon lot lang. Li pa aprann li nan yon lot lang.
Pou moun aprann li, fòk yo rive kalkile yon seri bagay nan yon lang, yon seri bagay ki nan tèt yo deja, kwak yo pa te janm konnen si yo nan tèt yo, ni yo pa te janm okipe sa. Depi yon moun konn pale yon lang, sa vle di sistèm son lang lan egziste nan tèt li, sistèm règ lang lan egziste nan tèt li. Ak sistèm ki nan tèt li a, li konn ak ki son pou li sèvi, ki lè pou li sèvi ak tèl son, kijan pou li sévi ak tèl son, ki lè ak kijan pou li sèvi ak tèl mo tèl kote. Fòk moun nan yon ti jan pran konsyans sistèm ki nan tèt li a pou li ka aprann li. Pa egzanp, yon moun ki pale kreyòl depi li piti deja konnen : donnen ak konnen pa menm, rad ak rak pa menm, kado ak kako pa menm. Sa ki pa te janm vini a lide moun nan, se pou ki rezon 3 p è mo sa yo pa menm. Moun nan kapab poko janm remake si gen kichòy ki menm e si gen kichòy ki pa menm ladan yo. Nan reflechi, li kapab wè se poutèt yon sèl grenn son diferan yo pa menm.
Siman tou, moun nan pa te janm sonje si sél grenn son ki diferan nan 3 pé mo sa yo, se yo menm ki nan kòmansman : di, dou, de, dòl, ki, kou, ke, kòl. Nan fen : vid, goud, gad, kòd, sik, bouk, bak, kòk. Nan mitan : vide, boude, gade, kòde, beke, bouke, teke, koken.
An n pran yon lòt egzanp ki ta kapab soti nan bouch ni yon timoun 5 an, ni yon granmoun :
1. Direktè a bay ti gason an anpil kou.
2. Mari ofri Jak kafe.
Nenpòt moun ki pale kreyòl kapab di pawòl sa yo e yo kapab konprann yo. Men, pi fò moun, ni timoun, ni granmoun, ni sa ki te lekòl, ni sa ki pa te lekòl, pa reflechi pou yo ta wè : Direktè a, Mari, Jak, ti gason an, se menm kalite eleman. Konsa tou, bay ak ofri se menm kalite eleman. Yo kab pa wè si rapò ki genyen ant Mari ak ofri menm ak rapo ki genyen ant direktè a ak bay, etsetera.
Sa vle di, gen kichòy ki menm nan 4 mo ak gwoup mo sa yo, gen kichòy ladan yo ki fè yo gen menm wòl nan yon fraz. Konsa tou, bay ak ofri se menm kalite eleman.
Natirélman, menm si moun yo pa wè rapo sa a, rapo a nan tèt yo. San sa, yo pa ta kapab pale, yo pa ta kapab konnen si se direktè a k ap bay kou oubyen k ap pran kou, si se Mari k ap ofri kafe oubyen si se Mari yon lòt moun ap ofri kafe. Nou tou wè moun yo konn rapò a, e yo sèvi ak li byen pwòp. Se sa ki fè nou oblije rekonèt moun yo gen gramè lang lan nan tèt yo.
Si yon moun poko konn angle oubyen franse, kouman nou vle li vin reflechi sou detay ki anndan sistèm angle a ak sistèm franse a ? Bagay sa yo pa nan tèt moun nan ditou, oubyen yo poko klè nan tèt li.
Lè yo mande yon moun aprann li ann angle anvan li konn angle vre, e san li poko konn li ditou, yo mande l fè 2 bagay difisil an menm tan. Youn se aprann rekonèt bon jan pwononsiyasyon ak plas son angle. Sa difisil anpil ata pou moun ki deja pase 12 an lekòl, ki konn li fen e ki kapab konn 2 ou 3 lòt lang. Dezyèm bagay la, se aprann rekonèt wòl son angle sa yo nan lang angle a.
« Moun sèvi ak sa ki deja nan tèt yo pou y aprann li ».
Mal tande se baryè
Sanble yon manman difikilte moun genyen nan aprann li, se lé yo mal pou rekonét son lang lan,? pa’ egzanp wol son lang lan. Nou tou wé sa pi réd toujou yon moun poko menm gen sistém son yon lang nan a , _ _ ’ { » ‘ ; + - A si tét li byen. Sonje lé granmoun ap aprann yon lot lang, menm 1é yo konmanse fé anpil pwogré, menm yo konn bon valé mo, epi yo kapab fé bon jan fraz, 1é sa ki pi fé moun remake se etranje yo ye, se pwononsiyasyon an. Youn nan bagay ki pi difisil ki genyen pou yon granmoun, se vin bos nan sistém son yon nouvo lang. Nou pajwenn sa fasil. Préske pa gen sa sou laté a. Se youn youn moun kon sa ki rive pwononse yon lang yo aprann nan granmoun tankou moun ki natif natal. Nou wé nan ki gwo ka yon malere ye, si li poko konn li ditou epi yo mande | aprann rekonét rapo lét genyen ak sistém son yon lang li tande malman. Si mal tande fé kont, mal tande sa a kont pou bay moun nan baryé nét, fél pa janm kapab aprann li vre.
Sa nou sot pale la a, se premye mouvman nan keksyon aprann li a. Premye mouvman sa a, se aprann fé lét pouse son, ki vle di pwononse mo kinan lang lan. Se poko Ji toutbon. Men, se premye fondasyon lekti. Menm jan antre nan dlo se poko ,naje. Men, nanpwen naje san pa gen antre nan dlo. Si yon moun manke premye mouvman aprann fé lét pouse son sa a, nanpwen al pi devan nan aprann li. ‘Rezon sa a parét plis, li pi klé, 16 son pou moun pouse pa sanble ak son lang yo deja konnen an. Paegzanp, som kreyol si telman pa sanble ak son angle, prés pa gen espwa pou Ayisyen ki pa konn pale angle, ki pa konn pouse son angle, rive fé lét pouse son angle si yo poko konn li ditou. An lagan, yo manke premye mouvman aprann li a.
Degre jako repèt
Dezyém mouvman an, se aprann fé lét ak gwoup mo ak gwoup mo remeét sans. Lé moun sévi ak lang pa yo, depi yo rive fé lét pouse son byen, depi yo pwononse mo lang lan, sans déyé pye pou pye, _otomatik. Pou ki sa? Paske son yo pouse yo, se son ki deja makonen ak sans nan lang yo abitye pale a, nan lang yo abitye konprann nan. Si se yon lang yo pa konnen, men ki sanble ak lang pa yo a nan son, yo fasil rete nan premye mouvman an. Pouse son, bliye sans. Se kichoy ki rive tout tan nan sistém lekol Ayiti ki ‘ montre pi fo timoun ‘i’ an franse, san yo pa konprann franse. Anpil moun rete nan premye mouvman lekti a: fé lét pouse son. Yo pa janm pase nan dezyém mouvman an: fé lét remét sans.
Sa ki twonpe anpil Ayisyen, se yon bon valé mo ki gen menm sans ak menm pwononsiyasyon ni an franse ni an kreyol. Mo yo sanble anpil lé yo degren- nen. Men yo pa remét menm sans pou sa nan yon fraz. Lé yon eléy reyisi fé lét pouse son ase byen an franse, a wot vwa, li gen dwa di fraz moun ki pale franse konprann, san li menm li pa konprann yo. Lé kon sa, remake, jan elév la konn ap ezite, jan li konprann mal, jan li konprann alanvé, ou byen jan li pa konprann menm. Ositou, yo pa konn li toutbon vre. Yo rete nan degre jako repét. Jako pouse son: Jako pa pale yon lang.
Yon bagay ki difisil
Gen plis pase 2 mil ane Aristot te di kon sa: ‘Tout moun anvi konnen. Se yon bagay ki natirél.’ Men, gen konnen epi gen etidye. Si anvi konnen se kichoy ki pa natirél, gen lé anvi etidye pa kichoy kinatirél. Nou dwe bliye sa, lé nou ann afé ak granmoun k ap mache vin lekol di swa. Se séten pi fo Ayisyen ki rive o yo Zetazini anvi konn pale angle. Menm jan tou, Ayisyen ki rive Monreyal anvi konn pale franse. Lé pou konmanse etidye lang sa yo epi pou yo kontinye etidye yo, se yon lot bagay. Aprann angle ou byen aprann franse pa kichoy ki fasil, e sa pa enteresan tout tan. Aprann li ak ekri ann angle ou byen an franse, lé yon moun pa konn li ditou, pa enteresan menm, epi sa difisil anpil. Tankou nou te di, moun nan ap fé 2 bagay: 1 ap aprann lang lan, epi l ap aprann li.
Anpil moun konprann aprann li ak ekri difisil pou granmoun. Mwen pa kwé sa menm. Mwen ta di: aprann li ak ekri fasil pou granmoun. Men sikonstans lavi a kapab lakoz aprann li ak ekri vin difisil pou yo. Pa egzanp, mizé, traka, tét chaje nan ko yo, e yo konn sa. Y ap kalkile sa. Pi fo timoun piti ki nan mizé, traka, pa nan tét chaje, paske yo pa ret kalkile sa. Timoun piti pa wont sa yo pa konnen. Granmoun fasil wont wé yo pa konn séten bagay.
Yon bagay ki veksan
Aprann li ak ekri se kichoy ki veksan pou yon granmoun, paske granmoun nan deja santi li an reta, li déyé, li pi mal pase konbyen timoun piti ki al lekol e ki deja konn sévi ak liv. Sa ki kapab ede yon granmoun asepte move moman sa a, selélisantil ap aprann vre, | ap fé pwogré. Sa ankouraje li. Sili gen malé santi li pa fé yon pa, lipa konprann, liret menm kote a, li kapab dekouraje nét. Lé yon moun wé aprann yon bagay, difisil, li chéche tout rezon pou li pa kontinye fé efo pou sa. Fo nou pa bliye moun k ap travay o Zetazini, o Kanada, gen kont lot bagay pou yo fé ki pi enteresan ou byen ki mwen difisil pase etidye. Nou annik sonje televizyon. Anpil moun fasil pédi nan televizyon.
Yon bagay ki gen plezi
Nou wé pwoblém yon moun, k ap aprann li, genyen yon lang li poko konn pale. Sitiyasyon an pa menm 1]é moun nan ap aprann linan yon lang likonn pale fen depi 20 ane, 30 ane, 50 anemenm. Pinga nou kwé sa pa gen traka ak travay, men gen yon plezi © ladann ki ede moun nan anpil. Gen yon plezilé zonbi goute sél li pa tande rete. Esperyans montre jan © granmoun yo kontan, lé yo rekonét yo konmanse aprann li.
Epi pou kisa granmoun bezwen pran trakaaprann ~ li? Kwak moun ap chéche pete yo, je yo pa pete. Yon lé — se dyob. Pou pou yo wé konn li pa vle di se séten y ap Jwenn pi — bon ki sa moun merite aprann li nan — granmoun? Se pou yo konmanse wé lavi yo yon lot | jan, pou yo reflechi sou lavi yo, epi pou yo chéche aji sou li. Se pou yo kapab reskonsab tét yo. Se pou yo vin lib. Se pou yo pran pouvwa ki pou yo a. Epise pou yo pran lapawol.‘ Moun pa pran lapawol nan yon lang | ki pa rele yo ché mét ché metrés.
Sa ki nan enteré moun ki te soti ann Ayiti tou fome ou byen tou granmoun, san yo pa te konn li? Etan yo konmanse aprann pale angle Baamas ou byen o Zetazini, etan yo konmanse aprann pale franse Kebék ou byen an Frans, etan yo konmanse aprann pale panyol Venezyela ou byen an Dominikani, enteré yo ak avantaj yo se aprann li an kreyol.
Moun sèvi ak sa ki deja nan tèt yo pou y aprann li.
Lorem ipsum dolor sit amet, consectetur adipiscing elit. Sed arcu massa, dapibus sit amet elit auctor, pharetra pharetra metus. Aliquam dolor odio, faucibus id volutpat a, ornare id diam. Nulla tempus porttitor mi id vehicula. Curabitur at nunc in arcu consectetur fermentum tincidunt et eros. Suspendisse elementum enim justo, sit amet commo Lorem ipsum dolor sit amet, consectetur adipiscing elit. Sed arcu massa, dapibus sit amet elit auctor, pharetra pharetra metus. Aliquam dolor odio, faucibus id volutpat a, ornare id diam. Nulla tempus porttitor mi id vehicula. Curabitur at nunc in arcu consectetur fermentum tincidunt et eros. Suspendisse elementum enim justo, sit amet commo

Lorem ipsum dolor sit amet, consectetur adipiscing elit. Sed arcu massa, dapibus sit amet elit auctor, pharetra pharetra metus.
Lorem ipsum dolor sit amet, consectetur adipiscing elit. Sed arcu massa, dapibus sit amet elit auctor, pharetra pharetra metus. Aliquam dolor odio, faucibus id volutpat a, ornare id diam. Nulla tempus porttitor mi id vehicula. Curabitur at nunc in arcu consectetur fermentum tincidunt et eros. Suspendisse elementum enim justo, sit amet commo Lorem ipsum dolor sit amet, consectetur adipiscing elit. Sed arcu massa, dapibus sit amet elit auctor, pharetra pharetra metus. Aliquam dolor odio, faucibus id volutpat a, ornare id diam. Nulla tempus porttitor mi id vehicula. Curabitur at nunc in arcu consectetur fermentum tincidunt et eros. Suspendisse elementum enim justo, sit amet commo